|
Kijan pou fè yon demann
èd pou ti pwojè
N ap asepte apliksyon pou
ti pwojè nan men òganizasyon o gwoupman.
Kijan nou pral jije
pwojè yo
Men ki sa nou pral chache wè lè n ap gade
yon ti pwojè nou resevwa. Nou pra l pran chak pati nan ti pwojè sa a youn
pa youn pou wè ki nòt yo merite. Ti pwojè ki pi byen
prezante yo se yo menm kap pase anvan, epi se pou yo tou n ap kapab
debloke lajan pou yo ka kòmanse.
Men ki sa nou pra l
gade lè n ap ba yo nòt:
Jan pwojè a pra l kontinye
N ap bay priyorite ak tout ti pwojè ki
montre ke yo ka
kontinye egziste apre finansman yo te resevwa a fini.
Pwojè yo ta dwe kapab fonksyone nan zòn kote yo ye a
san yo pa bezwen souse resous natirèl ki nan kominote a.
Prezantasyon
Pwojè kap pase anvan yo
se sa yo ki moutre klè kouman yo pwal fè motive kominote a, kijan pwojè
yo pra l devlope, kijan yo pra l sèvi ak lajan an, kijan yo pra l jere
pwojè a ak kijan yo pra l montre ke pwojè a ap reyisi.
Benefisyè yo
Pwojè kap pase anvan yo
se sa yo ki montre kouman yo ka ede rezoud pwoblèm kominote a. Li
enpòtan pou estime kantite ak kalite moun ki pra l benefisye ti
pwojè sa yo.
Patisipason kominote
a
Pwojè kap pase anvan yo
se sa yo ki montre yon gwo pousantaj patisipasyon kominote a keseswa nan
bay kontribisyon lajan, nan mendèv oubyen materyo.
Òganizasyon
Nap bay konsiderasyon
ak òganizasyon andedan kominote yo ki moutre gen konpetans pou dirije ti
pwojè yo nan kominotè a.
Fòm pou prezante yon ti pwojè
Demann èd
pou ti pwojè (Word)
Demann èd
pou ti pwojè (PDF)
Rapò sou pwojè a
(Word)
Rapò sou pwojè a
(PDF)
Voye demann èd yo
nan adrès sa a:
Caribbean Development Organization, NFP
c/o Joan Karnauskas
511 Arbor Gate Lane
Buffalo Grove, IL 60089
U.S.A.
 |